Men deskripsyon an : Si w se yon Ayisyen k ap viv Ozetazini, ou deja konnen kredi kapab ouvri pòt — oswa fèmen pou ou.
Men anpil moun nan kominote nou an pa janm jwenn bon enfòmasyon pou bati bon kredi, retire erè sou kredi yo, oswa pwoteje tèt yo kont move pratik sèten konpayi.
Liv sa a se yon gid senp, klè, ak pratik.
Li fèt espesyalman pou kominote Ayisyèn nan, ak yon melanj Kreyòl ak Anglè pou tout moun ka konprann.
Ou pral aprann:
✔ Kijan kredi fonksyone
✔ Kijan pou retire move enfòmasyon
✔ Kijan pou itilize lwa ki pwoteje w
✔ Kijan pou itilize lèt legal
✔ Kijan pou bati yon skò solid
✔ Kijan pou evite erè ki kraze kredi
Objektif mwen se ede w pran kontwòl sou lavi finansye w, etap pa etap.
Si ou suiv liv sa a ak disiplin, ou kapab amelyore kredi ou byen vit — legalman




Reviews
There are no reviews yet.